Drapo

Yon Drapo se yon moso twal ki kole nan yon bwa long, ki reprezante "yon enstitisyon, yon gwoup oubyen yon kominote : sa vle di yon nasyon, yon bout tè, yon vil, yon òganizasyon, yon konpayi oubyen yon rejiman.
Li toujou gen fòm yon rektang ki mezire 2 inite nan lajè ak 3 inite nan otè, men li konn varye tou, ki sou fòm, ki sou mezi. Li se fòm figire sa li reprezante a e li ka tankou yon blazon, yon so oswa yon inifòm. Koulè li ak anblèm li pèmèt yo li diferan ak lòt bagay ki sanble avèk li lè gen rasanbleman oubyen lagè. Depi detwi oubyen yo pran li sa vle di yo kraze oubyen pran avèk fòs, nan reyalite oubyen nan lespri, sa li reprezante a.
Drapo ki pi ansyen yo konnen se drapo chinwa yo. Yo la depi demil (2 000) an anvan Jezikri. Se Chinwa yo tou ki envante twal swa ki tise, kote bon drapo yo sanble ak sa nou gen jodi yo.
Depi lè sa, tout twal ki se valè yon siy oubyen yon mak, li pòte non drapo a. Pa egzanp, koulè drapo yo mete sou plaj ki vle si li posib pou moun benyen : wouj pou di ou pa kapab, jòn abriko pou di gen danje, vèt pou di ou kapab, blan pou di gen bèt (mediz). Se menm bagay la pou drapo nan espò ki vle sekirite ak pou yo avèti.
Gen kèk drapo ki vle di menm bagay toupatou, tankou drapo koulè blan yo leve anfas yon lènmi pou rann li oubyen mande yon poz.
Nan sa ki konsène lanmè yo di pito "paviyon" nan plas "drapo", kit se paviyon nasyonal oubyen paviyon kòd entènasyonal pou siyal yo ak tou pou mak ak flanm pou lòt paviyon apa.
Se Veksiyoloji ki etidye zafè drapo ak paviyon.
Etimoloji ak Terminoloji
Yo atribiye itilizasyon mo "drapeau" (drapo) an fransè a istoryen ak tradiktè Nicolas Perrot d'Ablancourt nan 17yèm syèk la. Li te itilize mo italyen "drapello", ke yo te tradui kòm "ti twal", pou kreye tèm "drapeau" a, san okenn distenksyon senbòl. Daprè jenealojis Jean-Marie Drapeau a, tèm nan soti nan "drap", ke yo itilize an fransè depi 10yèm syèk la. "Drap" li menm soti nan mo laten "drappus" la epi li te bay nesans a "drapo" an panyòl ak pòtigè, pami lòt
Referans
- Platoff 2009, p. 15.
- Platoff 2009, p. 15-16.
- (en) Elie Podeh, « », Nations and Nationalism, vol. 17, no 2, 2011, p. 419-442 (lire en ligne [archive]).
- Podeh 2011, p. 421-422.
- Podeh 2011, p. 438.
- Podeh 2011, p. 423-424.
- Podeh 2011, p. 424-425, 438.
- Podeh 2011, p. 439.
Lyen deyò
- fr Drapo peyi
- it Sitwèb istorik trè konplè
- en Sitwèb ofisyèl Flag Institute
- en Drapo (Eta, rejiyon, pwovens…)
- fr Cyberflag (tout drapo nan mond lan)
- en World Flag Database (sitwèb pwoch Flag Institute)
- Drapo (ansyen, aktyèl ak kriptarchi)
- Drapo nan Frans (Repiblik, rejiyon, depatman, komin)
- Drapo lwès nan Frans (Normandie, Bretagne, Poitou-Charentes, Aquitaine)
- Mond Drapo
Content Disclaimer
Informasi ini disarikan dari Wikipedia dan disajikan kembali untuk tujuan edukasi. Konten tersedia di bawah lisensi CC BY-SA 3.0. Kami tidak bertanggung jawab atas ketidakakuratan data yang bersumber dari kontribusi publik tersebut.
- The information displayed on this website is sourced in part or in whole from Wikipedia and has been adapted for the purpose of restating it. We strive to provide accurate and relevant information, however:
- There is no guarantee of absolute accuracy. Wikipedia is an open, collaborative project that can be edited by anyone, so information is subject to change.
- It is not intended to constitute professional advice. The content displayed is for informational and educational purposes only. For important decisions (e.g., medical, legal, or financial), please consult a professional.
- Content copyright. Wikipedia is licensed under the Creative Commons Attribution-ShareAlike License (CC BY-SA). This means that content may be reused with appropriate attribution and shared under a similar license.
- Responsible use. Any risk arising from the use of information from this website is entirely the responsibility of the user.