Fantom
Daniel Darinus, rele Fantom, ki fèt 26 mas 1981 nan Pòtoprens (Ayiti), se yon chantè ak mizisyen ayisyen.Yo klasifye li kom meyè rapè an Ayiti….
Biyografi
Fantom se yon mizisyen, antreprenè ayisyen, e bon non li se Daniel Darinus.Li plis evolye nan milye rap la e yo konsidere li kòm youn nan rapè ki fè anpil enpak nan milye mizikal la. Li se yon manm fondatè "Barikad crew" ki se youn nan pi gwo gwoup rap nan karayib la. Li te anba label "Tapajè record" ke li se youn nan fondatè yo avan li siyen avèk label "BMG".
Fantom, ki gen ti non Nèg kò vè a, pote non manman l nan kè l, yon omaj pou Solange Orientale ki te akouche l nan dat 26 mas 1981, nan Pòtoprens.
Menm jan ak manman l Solange, Astrel Darinus ki se papa Fantom sòti Leyogàn. Ansanm yo gen twa pitit fi ak senk pitit gason, pami yo Daniel, ke rap ta pral transfòme pi devan an Fantom. Daniel te konn frekante lari (Magloire Ambroise, Saint-Honoré, ak Nicolas) ak lekòl (Oswaldvo Bobo, Frères Adrien, Les Normaliens Réunis, I.E.U., ak Roussan Camille), menm jan li te fè ak plizyè gwoup. A 13 an, li te fè premye aparisyon solo li lè li te fè eksperyans ak dancehall. Pi devan, yo te vin gen konnen l nan D-camp ak S.O.S anvan li te vin yon abityèl ak Pick-up Click ak Barikad Crew (BC).
An 2009, apre de albòm ak Barikad Crew ak youn ak Pick-up Click, li te pibliye pwojè solo li a, Men Nonm Lan, yon albòm ki montre tout potansyèl li kòm yon rapè.
Yon fanatik K-Tafalk, Doc Filah, Brezil, Los Angeles Lakers yo, Ronaldo, ak Kobe Bryant, li pasyone de jwèt videyo epi li se yon pwodiktè. Li marye 26 fevriye 2010 ak Marie-Daphné, avèk li , li gen de pitit fi, Eidaly ak Daniana. Fantom se yon animatè tou ki posede pwòp estidyo li, Tapajè Recordz. Li renmen travay ak Ti-Ansyto (The Maestro), Fred Hype, MmixX, ak Zacktouch, pwodiktè "Once Again," "Raboure yo," ak lòt ankò.
Pandan l ap travay depi plizyè mwa avèk Sak Pase Recordz sou twazyèm albòm Barikad Crew la, yon albòm fanatik yo ap tann avèk enpasyans, li retounen nan estidyo a akòz pwoblèm mixaj ak dezyèm albòm solo li a, "Yo gen vè," ki te soti nan fen Desanm 2010. Pandan l ap tann pou rezoud pwoblèm mixaj sa a, ki te yon ti jan gate imaj li, videyo mizik "Once Again," k ap pase kounye a nan televizyon ak sou entènèt, ap kaptire atansyon amatè hip-hop yo
Tankou chantè nan Barikad Crew
Tankou chantè solo
Albòm
- 2009: Men non'm nan
- 2010: Yo gen vè
- 2013: Salute vol.1
- 2014: Salute vol. 2
- 2015: Point final
- 2016: Reyenkanasyon
- 2017: Salute vol. 3
- 2020: Rap onorab
- 2022: Nan bòl yo
- 2024: Yo Hype
- 2025: Yon lòt paj ak Tapajè Team
Tankou aktè
- 2019: Married Men
Referans
Lyen deyò
- Daniel Darius sou reklamlakay.com
Content Disclaimer
Informasi ini disarikan dari Wikipedia dan disajikan kembali untuk tujuan edukasi. Konten tersedia di bawah lisensi CC BY-SA 3.0. Kami tidak bertanggung jawab atas ketidakakuratan data yang bersumber dari kontribusi publik tersebut.
- The information displayed on this website is sourced in part or in whole from Wikipedia and has been adapted for the purpose of restating it. We strive to provide accurate and relevant information, however:
- There is no guarantee of absolute accuracy. Wikipedia is an open, collaborative project that can be edited by anyone, so information is subject to change.
- It is not intended to constitute professional advice. The content displayed is for informational and educational purposes only. For important decisions (e.g., medical, legal, or financial), please consult a professional.
- Content copyright. Wikipedia is licensed under the Creative Commons Attribution-ShareAlike License (CC BY-SA). This means that content may be reused with appropriate attribution and shared under a similar license.
- Responsible use. Any risk arising from the use of information from this website is entirely the responsibility of the user.