Jewova

Jewova se yon tradiksyon oswa transliterasyon non Bondye a pati lang ebre ,יְהֹוָה Yəhōwā, (YHWH, oswa JHVH). Jewova se non pwòp Bondye nan Bib la. Yo rele 4 la ebre pi wo yo tetragram.
Jewova se non Bondye, Kreyatè linivè a ak tout sa ki ladan l. Se non nou jwenn plis fwa nan Bib la, plis ke 7000 fwa. Non sa a siyifi: “M ap tounen sa m chwazi tounen” oswa "li fè vin tounen", jan sa parèt nan Egzòd 3:14. Sa vle di tout bagay posib pou Bondye, li kapab tounen nenpòt sa ki nesesè pou akonpli volonte l; donk, se sèl Souvren linivè a ki kapab pote non sa a.
Se William Tyndale ki itilize Jewova an premye nan tradiksyon Egzòd 6:3, e li te parèt nan kèk lòt tradiksyon anglè tankou Bib Jenèv (Geneva Bible) ak Bib Wa Jak la (King James Version).[1]
Pwononsyasyon

Selon yon tradisyon juif ki te devlope nan 2yèm ak 3yèm syèk epòk nou an (aprè Jezi Kris), yo te ekri tetragram lan, men yo pa t pwononse l. Lè yo t ap li non diven an, יְהֹוָה Yəhōwāh, yo te ranplase l ak lò mo tankou Adonay. Se sa k fè anpil tradiksyon pswa vèsyon Labib jis jounen jodi a pa itilize non Jewova nan Bib yo, men yo ranplase non sa a pa yon seri tit tankou: Letènèl, Seyè, Bondye... elatriye.
Pwen vwayèl yo te mete nan tetragram nan

Tablo sa a montre pwen vwayèl yo te itilize yo. Yon konparezon ant YHWH ak Adonay.
| Ebre Strong's #3068 YEHOVAH Ebre |יְהֹוָה}} |
Hebrew Strong's #136 ADONAY Ebre |אֲדֹנָי}} | ||||
|---|---|---|---|---|---|
| י | Yod | Y | א | Aleph | |
| Ebre | Simple sheva | E | Ebre | Hataf patah | A |
| ה | He | H | ד | Dalet | D |
| Ebre | Holam | O | Ebre | Holam | O |
| ו | Vav | V | נ | Nun | N |
| Ebre | Qamats | A | Ebre | Qamats | A |
| ה | He | H | י | Yod | Y |
Entwodiksyon ann anglè

Fason yo te ekri non Jewova nan ansyen anglè.
(Roger Hutchinson, The image of God, 1550)
Gade tou
Referans
- DAPRE LABIB Non Bondye sou JW.ORG
Lyen deyò
- Definisyon mo Jewova sou creole101.com
- ↑ In the 7th paragraph of Introduction to the Old Testament of the New English Bible, Sir Godfrey Driver wrote, "The early translators generally substituted 'Lord' for [YHWH]. [...] The Reformers preferred Jehovah, which first appeared as Iehouah in 1530 A.D., in Tyndale's translation of the Pentateuch (Exodus 6.3), from which it passed into other Protestant Bibles."
- ↑ Source: The Divine Name in Norway Modèl:Webarchive,
Content Disclaimer
Informasi ini disarikan dari Wikipedia dan disajikan kembali untuk tujuan edukasi. Konten tersedia di bawah lisensi CC BY-SA 3.0. Kami tidak bertanggung jawab atas ketidakakuratan data yang bersumber dari kontribusi publik tersebut.
- The information displayed on this website is sourced in part or in whole from Wikipedia and has been adapted for the purpose of restating it. We strive to provide accurate and relevant information, however:
- There is no guarantee of absolute accuracy. Wikipedia is an open, collaborative project that can be edited by anyone, so information is subject to change.
- It is not intended to constitute professional advice. The content displayed is for informational and educational purposes only. For important decisions (e.g., medical, legal, or financial), please consult a professional.
- Content copyright. Wikipedia is licensed under the Creative Commons Attribution-ShareAlike License (CC BY-SA). This means that content may be reused with appropriate attribution and shared under a similar license.
- Responsible use. Any risk arising from the use of information from this website is entirely the responsibility of the user.