Mahatma

Gandhi ap ekri yon dokiman nan Birla House, Mumbai, nan mwa Out 1942.

Mahatma vle di nan Sanskrit " Gran nanm » (महात्मा mahātmā : महा mahā (gwo) + आत्मं oswa आत्मन् ātman [nanm]).

Yo souvan atribiye tit sila a ak kèk pèsonalite tankou Mohondas Karamchand Gandhi ak Jyotirao Phule, an rekonesans ak sentete yo.

Yon pakèt sous tankou Rabindranath Tagore: An Anthology de Dutta and Robinson, rakonte se Rabindranath Tagore ki te premye bay Gandhi tit la. Lòt sous fè konnen tit la te atribiye ak Gandhi 21 janvye 1915 pa Nautamlal Bhagavanji Mehta nan lekòl Kamribai Jetpur la. Gen lòt ki konsidere se Annie Besant, moman l t ap dirije Sosyete teyozofik la.

Sosyete teyozofik la te itilize mo sa nan fen 19e syèk la pandan fondatris li a Helena Blavatsky te deklare pwofesè li yo se te disip oubyem Mahatmas ki t ap viv nan Tibè epi fè pati yon Gwo lòj Blanch.

Endouyis

Nan endouyis la, tèm Mahatma se yon non abityèl ak yon tit onorifik pou yon Yogi (sannyasin), yon sen oubyen tout moun yo gen gwo estim pou li pou tèt jenewozite l ak renonsman l yo, ak moun tou ki gen yon konsyans fò epi ki gen don oubyen lòt konesans espesyal.

Kidonk, yon Mahatma se yon "gran nanm", yon saj ki wè lavi l nan tout sa ki ap viv, ak yon konpasyon enfini ki idantifye l nan Brahman; li efase ego l epi viv san l pa met tèt li tankou yon moun ki panse l pra l re-enkane; nan Unpanishad yo, yo dekril tankou yon sen antye ki libere de tout kontrent yo, zanmi tout moun:

Content Disclaimer

Informasi ini disarikan dari Wikipedia dan disajikan kembali untuk tujuan edukasi. Konten tersedia di bawah lisensi CC BY-SA 3.0. Kami tidak bertanggung jawab atas ketidakakuratan data yang bersumber dari kontribusi publik tersebut.

  1. The information displayed on this website is sourced in part or in whole from Wikipedia and has been adapted for the purpose of restating it. We strive to provide accurate and relevant information, however:
  2. There is no guarantee of absolute accuracy. Wikipedia is an open, collaborative project that can be edited by anyone, so information is subject to change.
  3. It is not intended to constitute professional advice. The content displayed is for informational and educational purposes only. For important decisions (e.g., medical, legal, or financial), please consult a professional.
  4. Content copyright. Wikipedia is licensed under the Creative Commons Attribution-ShareAlike License (CC BY-SA). This means that content may be reused with appropriate attribution and shared under a similar license.
  5. Responsible use. Any risk arising from the use of information from this website is entirely the responsibility of the user.