Philippe Labro
| Philippe Labro | |
| Non matènèl | Philippe Labro |
|---|---|
| Nesans | Montauban |
| Nasyonalite | franse |
| Aktivite | Jounalis, ekriven, reyalizatè |
| Rekonpans | Doktè honoris causa de l'université Washington et Lee (1988) -
Pri "Interallié" - "Commandeur de la Légion d'honneur" |
| Fonksyon prensipal | Redaktè an chèf |
| modifye - modifye kòd - gade Wikidata | |
Philippe Labro, ki fèt 27 out 1936 nan Montauban (Frans) epi li te mouri nan dat 4 jen 2025, se yon jounalis, ekriven, reyalizatè, pwofesyonèl medya ak pawolye franse.
Biyografi
Apre yon anfans ki te yon ti jan boulvèse, Philippe Labro te kite pou Etazini nan Amerik a laj de 18 an, avèk konsantman paran li, pou l etidye nan Vijini.
Retounen an Ewòp, Philippe Labro te travay kòm repòtè nan plizyè vil franse. An 1960, li te anwole nan lame franse a pou kanpay Aljeri a epi, dezan apre, li te rekòmanse travay li kòm jounalis ak repòtè, li te travay pou RTL, Paris Match, answit TF1 ak Antenne 2.
Apre eksperyans sa yo, Philippe Labro te kòmanse altène karyè li ak ekri kèk woman nan divès jan, pibliye an Frans pa mezon edisyon Gallimard ki renome a.
An 1969, Philippe Labro te fè premye fim li kòm reyalizatè ak fim "Tutto può succedere", li te kontinye travay sou fim ki pi gwo, sitou nan jan krim ak mistè.
Philippe Labro pi byen koni pou reyalize fim siksè ki toujou vivan nan memwa sinefil franse yo, tankou Sans motif (1971) ak Jean-Louis Trintignant, L'Héritière (1972), ak Le Faucon (1976) ak Jean-Paul Belmondo.
Konsidere kòm youn nan jounalis ki pi pwòch Vincent Bolloré, Philippe Labro te travay kòm yon kronikè ak kritik literè pou chak semèn Le Journal du dimanche epi detanzantan li te kolabore ak Paris Match.
Zèv li yo
Tankou reyalizatè
- 1966 : Les Deux D : Marie Dubois, Françoise Dorléac (TV)
- 1969 : Tout peut arriver
- 1971 : Sans mobile apparent
- 1973 : L'Héritier
- 1974 : Le Hasard et la Violence
- 11976 : L'Alpagueur
- 1983 : La Crime
- 1984 : Rive droite, rive gauche
Tankou ekriven
- 1960 : Un Américain peu tranquille
- 1967 : Des feux mal éteints
- 1968 : Ce n'est qu'un début
- 1982 : Des bateaux dans la nuit
- 11983 : Des cornichons au chocolat
- 1986 : L'Étudiant étranger (Pri Interallié)
- 1988 : Un été dans l'Ouest (Pri Gutenberg)
- 1988 : Le Petit Garçon
- 1992 : Quinze ans
- 1994 : Un début à Paris
- 1996 : La Traversée
- 1997 : Rendez-vous au Colorado
- 1999 : Manuella[1]
- 2002 : Je connais gens de toutes sortes
- 2003 : Tomber sept fois, se relever huit
- 2006 : Franz et Clara
- 2009 : Les Gens
- 2010 : 7 500 signes
- 2013 : On a tiré sur le Président
- 2013 : Le Flûtiste invisible
- 2017 : Ma mère, cette inconnue
- 2020 : J'irais nager dans plus de rivières
- 2024 : Deux gimlets sur la 5ème avenue
Referans
- ↑ Manuella, yon adolesant nan laj 17/18 ane rakonte lavi li : etid, zanmi, lanmou. Li se yon woman aprantisaj
Lyen deyò
- Philippe Labro sou IMDb
Content Disclaimer
Informasi ini disarikan dari Wikipedia dan disajikan kembali untuk tujuan edukasi. Konten tersedia di bawah lisensi CC BY-SA 3.0. Kami tidak bertanggung jawab atas ketidakakuratan data yang bersumber dari kontribusi publik tersebut.
- The information displayed on this website is sourced in part or in whole from Wikipedia and has been adapted for the purpose of restating it. We strive to provide accurate and relevant information, however:
- There is no guarantee of absolute accuracy. Wikipedia is an open, collaborative project that can be edited by anyone, so information is subject to change.
- It is not intended to constitute professional advice. The content displayed is for informational and educational purposes only. For important decisions (e.g., medical, legal, or financial), please consult a professional.
- Content copyright. Wikipedia is licensed under the Creative Commons Attribution-ShareAlike License (CC BY-SA). This means that content may be reused with appropriate attribution and shared under a similar license.
- Responsible use. Any risk arising from the use of information from this website is entirely the responsibility of the user.