Pwoz

Pwoz se yon fòm òdinè nan oral oubyen ekri. Li diferan ak règ yo nan vèsifikasyon, mizikalite ak ritm sitou nan pwezi. Li dwe toujou respekte règleman yo nan gramè epi li ka prezante youn nan chenn kalite estilistik ak jan tonalite a ye, daprè efò oswa kilti otè a oswa oratè a.

Etimoloji

Mo pwoz la la lontan. Depi premye syèk, Kentilyen (Quintilian) te itilize pou di "fòm diskou ki pa sou kote nan règleman yo nan pwezi. [1] Lè sa a, li itilize tankou yon adjektif prosus, prosa, prosom te parèt nan ekri Avyanous (Avianus) nan senkyèm syèk, ki vle di : dirèk, dwat[1].

"Tout sa ki pa pwoz se vè, menm jan an tou, tout sa ki sispann vè se pwòz" Molière, Le bourgeois gentilhomme, ak II, sèn IV.

Pwoz la itilize nan tout jan literè yo. Li kapab parèt tankou yon bon travay estilitik pou rive pi lwen ke yon pwoz powetik tankou nan zèv Jean-Jacques Rousseau, François-René de Chateaubriand oswa Jean Giono.

Powèm an pwoz vini an 19yèm syèk la ak de (2) koleksyon byen diferan kote estetik, tou de pibliye aprè moun ki ekri yo te gentan mouri. Premye a, ki te pibliye nan lane 1840, ki rele Le Centaure, se Maurice de Guérin ki te ekri li, aprè de (2) zan pita koleksyon powèm Gaspard de la nuit ke Aloysius Bertrand li menm te ekri. Powèm an pwoz se yon fason pou eksprime tèt li libelibè (vè pa egal, pa gen okenn rim, pa gen okenn estwòf), pandan y ap anplwaye metòd estilistik ki make kapasite otè a nan travay powetik li yo. Egzanp ki pi bon an se Charles Baudelaire nan Le Spleen de Paris , ki rete yon ka espesyal pou powèt sa a ki anjeneral konnen ekri an vè.

Francis Ponge pwopoze tèm pwowèm pou dekri pwezi li ekri nan fòm pwoz. Li pwopoze powèm li an pwoz avèk kèk rim.

Domèn mizik

Nan domèn mizik, nou jwenn tèm pwoz la nan de (2) kategori diferan. Chante nan fòm pwoz se tankou yon diskou nan menm fòm nan, yon chante ki vèsifye, san repetisyon, san refren, tankou yon chante gregoryen. Li se sinonim avèk mo Latin in directum. Pwoz se tou yon chan ak silab sinonim sekans.

Bibliyografi

  • Marie-Claire Weber-Lefeuvre (ed.), Anthologie de la prose française, Du Moyen Age au vingtième siècle  : 1100 - 1900, Lefeuvre, 2006,[2] 490 paj

Referans

  1. 1,0 et 1,1 « Kopi achiv ». Archived from the original on 2019-11-03. Retrieved 2019-02-04. 
  2. Anthologie de la prose française. I, Du Moyen âge au vingtième siècle : 1100-1900 1. Weber-Lefeuvre, Marie-Claire, 1936- ..., Impr. Présence graphique). Rambouillet: M. Lefeuvre. 2005. ISBN 2952080909. OCLC 470418571. 

Lyen deyò

Content Disclaimer

Informasi ini disarikan dari Wikipedia dan disajikan kembali untuk tujuan edukasi. Konten tersedia di bawah lisensi CC BY-SA 3.0. Kami tidak bertanggung jawab atas ketidakakuratan data yang bersumber dari kontribusi publik tersebut.

  1. The information displayed on this website is sourced in part or in whole from Wikipedia and has been adapted for the purpose of restating it. We strive to provide accurate and relevant information, however:
  2. There is no guarantee of absolute accuracy. Wikipedia is an open, collaborative project that can be edited by anyone, so information is subject to change.
  3. It is not intended to constitute professional advice. The content displayed is for informational and educational purposes only. For important decisions (e.g., medical, legal, or financial), please consult a professional.
  4. Content copyright. Wikipedia is licensed under the Creative Commons Attribution-ShareAlike License (CC BY-SA). This means that content may be reused with appropriate attribution and shared under a similar license.
  5. Responsible use. Any risk arising from the use of information from this website is entirely the responsibility of the user.