Takeoff
Kirsnik Khari Ball ou Kirsnick Khari Ball, rele Takeoff, ki fèt 18 jen 1994 nan Lawrenceville nan eta Djòdji (Etazini) epi ki mouri 1e novanm 2022 nan Houston nan eta Teksas (Etazini), se yon rapè ak chantè ameriken.
Biyografi
Kirshnik Khari Ball te fèt nan Lawrenceville, Gwinnett County, nan eta Djòdji, Etazini. Li te grandi ak manman li, ansanm ak manm fanmi Quavo epi Offset.[1],[2],[3]
Ansanm ak lòt manm fanmi Quavo ak Offset, Takeoff te kòmanse rap an 2008. Li te kòmanse fè bit epi kòmanse pran kab li nan mizik nan setyèm ane, men lè l ta pral byen pran mizik oserye an se te nan lane 2011. Gwoup la te fè premye aparisyon yo sou sèn ak non Polo Club, men evantyèlman yo pral chanje an pou rele l Migos. Gwoup la te pibliye premye pwojè konplè yo, yon mikstèp ki gen tit Juug Season, 25 out 2011. Yo te swiv sa ak mikstape No Label, 1ye jen 2012. An premye Migos te monte nan enpòtans aprè yo te pibliye yon senp Versace yo, an 2013. Remix mizik lan te fèt ak rapè kanadyen an Drake epi li te monte nan 99yèm plas nan klasman Billboard Hot 100 la ak 31yèm plas nan klasman Hot R&B/Hip Hop Songs yo.
Premye albòm estidyo yo a, Yung Rich Nation, te pibliye nan mwa jiyè 2015, ki te gen ladan l pou envite Chris Brown ak Young Thug, ak pwodiksyon Zaytoven ak Murda Beatz. Albòm nan te rive klase nimewo 17 sou Billboard 200 la.
Zèv li yo
Referans
- ↑ en « Interview : Migos ». The Fader. Retrieved 11 oktòb 2017.
- ↑ en « The Three A-Migos: Quavo, Takeoff & Offset ». HotNewHipHop. Retrieved 11 oktòb 2017.
- ↑ en « Migos' Wild World: One Night in the Studio With 'Bad and Boujee' Trio ». Rolling Stone. Retrieved 1 novanm 2022.
Lyen deyò
Content Disclaimer
Informasi ini disarikan dari Wikipedia dan disajikan kembali untuk tujuan edukasi. Konten tersedia di bawah lisensi CC BY-SA 3.0. Kami tidak bertanggung jawab atas ketidakakuratan data yang bersumber dari kontribusi publik tersebut.
- The information displayed on this website is sourced in part or in whole from Wikipedia and has been adapted for the purpose of restating it. We strive to provide accurate and relevant information, however:
- There is no guarantee of absolute accuracy. Wikipedia is an open, collaborative project that can be edited by anyone, so information is subject to change.
- It is not intended to constitute professional advice. The content displayed is for informational and educational purposes only. For important decisions (e.g., medical, legal, or financial), please consult a professional.
- Content copyright. Wikipedia is licensed under the Creative Commons Attribution-ShareAlike License (CC BY-SA). This means that content may be reused with appropriate attribution and shared under a similar license.
- Responsible use. Any risk arising from the use of information from this website is entirely the responsibility of the user.