Toudegad
Toudegad, k ap anonse Wayom Jewova a se yon peryodik relijye ki pibliye nan plis pase 210 lang anmenmtan nan lemonnantye. Kantite Toudegad ki fèt chak mwa se plis pase 44 milyon revi. Se Temwen Jewova yo ki pibliye peryodik sa a. Nan lane 2014, Toudegad se peryodik yo plis distribiye sou latè.
Objektif Peryodik la.
Se pa mwayen Toudegad la Temwen Jewova fè konnen tout aktivite y ap fè, Toudegad la se peryodik ofisyèl yo a. Men objektif Toudegad la, selon sa editè l yo di:
"OBJEKTIF PERYODIK SA A, Toudegad, se onore Jewova Dye, Souvren siprèm linivè a. Menm jan nan tan lontan, yon santinèl ki t ap fè pòs anlè tèt yon fòtrès te kapab obsève sa k ap pase byen lwen, se konsa tou, peryodik sa a sèvi ak pwofesi ki nan Bib la pou l ede nou konprann evènman k ap pase nan monn nan. Li rekonfòte moun yo grasa bon nouvèl ki fè konnen Wayòm Bondye a, ki se yon gouvènman reyèl ki nan syèl la, pral mete yon fen nan tout mechanste e li pral fè tè a tounen yon paradi talè konsa. Li ankouraje moun pou yo mete lafwa yo nan Jezi Kris, li menm ki te mouri pou nou ka gen lavi etènèl, e k ap gouvène kounye a antanke Wa nan Wayòm Bondye a. Depi 1879, Temwen Jewova ap pibliye Toudegad, yon peryodik ki pa gen okenn rapò ak politik,men ki baze sou Bib la." (Toudegad Avril-Jen 2011, paj 2)
Content Disclaimer
Informasi ini disarikan dari Wikipedia dan disajikan kembali untuk tujuan edukasi. Konten tersedia di bawah lisensi CC BY-SA 3.0. Kami tidak bertanggung jawab atas ketidakakuratan data yang bersumber dari kontribusi publik tersebut.
- The information displayed on this website is sourced in part or in whole from Wikipedia and has been adapted for the purpose of restating it. We strive to provide accurate and relevant information, however:
- There is no guarantee of absolute accuracy. Wikipedia is an open, collaborative project that can be edited by anyone, so information is subject to change.
- It is not intended to constitute professional advice. The content displayed is for informational and educational purposes only. For important decisions (e.g., medical, legal, or financial), please consult a professional.
- Content copyright. Wikipedia is licensed under the Creative Commons Attribution-ShareAlike License (CC BY-SA). This means that content may be reused with appropriate attribution and shared under a similar license.
- Responsible use. Any risk arising from the use of information from this website is entirely the responsibility of the user.